Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 39:4 - 1998 Haïtienne

4 Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo sòti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.

参见章节 复制




Jeremi 39:4
17 交叉引用  

Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.


Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap sòti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.


Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gentan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.


Senyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.


Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je.


Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Senyè a menm ki di sa.


Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l.


Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap sòti tankou moun y'ap depòte yo.


M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pèsonn k'ap kouri dèyè nou.


Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.


Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Grannèg kou nou grannèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.


L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.


跟着我们:

广告


广告