Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 39:2 - 1998 Haïtienne

2 Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne reny Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.

参见章节 复制




Jeremi 39:2
13 交叉引用  

Apre sa, Senyè a pale avè l ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Senyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne reny wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.


Senyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nebikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.


M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l, y'ap mete dife ladan l. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l, y'ap boule l.


Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.


Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l sòti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m lavil la tonbe nan men lènmi.


Pran yon pwelon fè, mete l kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo.


Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa dèyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.


Se mwen menm Senyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.


— Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.


跟着我们:

广告


广告