Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 38:2 - 1998 Haïtienne

2 — Men mesay Senyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va sòti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’

参见章节 复制




Jeremi 38:2
20 交叉引用  

Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nebikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.


Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.


Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l, m'a kite l nan peyi l, l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Senyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.


Enben, men sa Senyè a di sou wa ki chita sou fòtèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pat depòte ansanm ak nou yo.


M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.


Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen di nou pa koute m, nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Senyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.


Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Senyè a ki di sa.


Tout moun ki sòti vre pou y'ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an.


Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.


M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo.


Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!


Men sa Senyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovay ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.


Men sa Senyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: — Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizèrikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi.


Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki deyò nan jaden pral mouri nan lagè. Moun ki lavil la, maladi ak grangou pral fini ak yo.


跟着我们:

广告


广告