Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 32:8 - 1998 Haïtienne

8 Se konsa, jan Senyè a te fè m konnen an, kouzen m Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m pou m achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gendwa achte l paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l nan men l. Lè sa a, mwen vin sèten se Senyè a menm ki te pale avè m.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 32:8
15 交叉引用  

Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l konsa. — Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Senyè a devan David, papa m. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l.


Miche reponn li: — W'a konn sa lè w'a kouri pase sòti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!


Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa.


Men pawòl Jeremi, pitit Ilkija ki te yonn nan prèt Anatòt yo, te di lè li te nan peyi branch fanmi Benjamen an.


Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a.


Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Senyè Bondye, ou ban m lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen?


— Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gendwa achte l.


Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Senyè a pale avè l ankò. Li di l:


Jeremi te vle fè yon ti sòti andeyò lavil la pou l'ale nan peyi moun Benjamen yo. Li ta pral resevwa pòsyon pa l nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe.


Mwen fè tou sa Senyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m nan miray la, mwen sòti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m, mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m ale.


Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m. Yo vin konprann sa m te fè a. Yo rekonèt se yon mesay Senyè a t'ap ba yo.


Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.


跟着我们:

广告


广告