Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 32:7 - 1998 Haïtienne

7 — Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gendwa achte l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen dwa redanmsyon pou achte l.’”

参见章节 复制




Jeremi 32:7
15 交叉引用  

Senyè a te fè Akija konnen madanm Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l lan ki malad. Li te di l: — Lè madanm Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l sa m'a mete nan bouch ou pou di l. Lè madanm Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre.


Men pawòl Jeremi, pitit Ilkija ki te yonn nan prèt Anatòt yo, te di lè li te nan peyi branch fanmi Benjamen an.


Mesye lavil Anatòt yo te sòti pou yo touye m. Yo di m konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Senyè a ankò, n'ap touye ou.


Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Senyè a te pale avè l. Senyè a te di l konsa:


Se konsa, jan Senyè a te fè m konnen an, kouzen m Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m pou m achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gendwa achte l paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l nan men l. Lè sa a, mwen vin sèten se Senyè a menm ki te pale avè m.


Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.


Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l reachte tè a ankò.


Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gendwa fè sa.


Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gendwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.


osinon tonton l, osinon pitit gason tonton l yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.


— W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.


跟着我们:

广告


广告