Li di l konsa: — Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: — Mwen vin achte anplasman glasi a pou m bati yon lotèl pou Senyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a.
Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Senyè a menm ki di sa.
— Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gendwa achte l.