Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 32:4 - 1998 Haïtienne

4 Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan lamen wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye.

参见章节 复制




Jeremi 32:4
13 交叉引用  

Apre sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.


P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.


M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki sòti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.


Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l tou. W'a kontre avè l bab pou bab. W'a pale avè l. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.


Apre sa, wa Sedesyas voye chache l. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l sou kote, li mande l: — Eske Senyè a ba ou yon mesay pou mwen? Jeremi reponn: — Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.


Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.


Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennim yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.


跟着我们:

广告


广告