Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 32:3 - 1998 Haïtienne

3 Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l repwòch dèske li te bay mesay sa a nan non Bondye Senyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Akoz Sédécias, wa Juda a te mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l;

参见章节 复制




Jeremi 32:3
23 交叉引用  

Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a.


Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: — Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!


Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.


Lè sa a, Senyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: — Men sa n aval di wa Sedesyas pou mwen:


Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nebikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l, m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l jouk m'a fè Nebikadneza fini nèt ak li.


M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki sòti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.


Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Senyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l vini pou l kraze peyi a, pou l touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l.


Lè sa a, yo pat ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l te vle nan mitan pèp la.


Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.


Wi, men sa Senyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo.


Chèf yo al di wa a: — Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouray. Nonm sa a pa sòti pou l ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.


Ebèdmelèk sòti nan palè a, l'ale bò pòtay la, li di wa a konsa:


Senyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!


Li make tout peche m yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m. Yo sitèlman lou, m pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m nan men lènmi m yo. M pa ka kenbe tèt ak yo.


Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesay ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.


Yo di li: — Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo?


跟着我们:

广告


广告