Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 32:2 - 1998 Haïtienne

2 Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.

参见章节 复制




Jeremi 32:2
15 交叉引用  

Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranble nan tout pye miray yo.


Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,


(9) Ou fè tout zanmi m yo lage m. Yo yonn pa ka santi m bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka sòti.


Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l repwòch dèske li te bay mesay sa a nan non Bondye Senyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l.


Se konsa, jan Senyè a te fè m konnen an, kouzen m Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m pou m achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gendwa achte l paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l nan men l. Lè sa a, mwen vin sèten se Senyè a menm ki te pale avè m.


Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Senyè a pale avè l ankò. Li di l:


Yon lòt jou, Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Li te gen avè l tout lame pa l la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li.


Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo: — Yo defann mwen antre nan Tanp Senyè a. Mwen pa ka mete pye m la.


Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen mesye lakay Jonatan, sekretè Tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.


Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.


Lè sa a, yo pat ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l te vle nan mitan pèp la.


Epi yo rale l moute sòti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo.


Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pat gen dlo ladan l, men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.


Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.


跟着我们:

广告


广告