Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 30:3 - 1998 Haïtienne

3 Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”

参见章节 复制




Jeremi 30:3
45 交叉引用  

Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gentan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm.


Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen Tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon Tanp lan ap moute ankò devan je yo, genyen ki te dlo nan je. Men anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.


Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman Tanp Senyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan Tanp Senyè a.


Senyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.


(7) Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an pou l delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.


Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Senyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.


Senyè a di ankò: — Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.


Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l, m'a kite l nan peyi l, l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.


Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a sòti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.


Nou pa bezwen pè, nou mim pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.


Senyè a di ankò: — Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.


Men mesay Senyè a voye bay moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.


Men sa Senyè a di ankò: — Sispann rèl ou yo, Rachèl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi. Y'ap tounen sòti nan peyi lènmi yo.


Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: — Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Senyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.


Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Senyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.


Men sa Senyè a di ankò: — Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Senyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an.


Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.


Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinay lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki sòti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.


Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.


Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl la, peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


M'ap fè yo sòti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.


M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou sòti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.


Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.


Senyè a di ankò: — Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.


Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.


Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Epi li di disip yo: — Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa.


Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.


— Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.


enben, lè sa a Senyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.


Senyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo.


Men, Bondye te gen repwòch pou l fè pèp li a. Se sa k fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.


跟着我们:

广告


广告