Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:8 - 1998 Haïtienne

8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.

参见章节 复制




Jeremi 3:8
20 交叉引用  

Li te menm rive fè bati tanp pou zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida pèdi wout li.


Men sa Senyè a di ankò: — Si mwen te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m'ta vann nou kòm esklav la? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou mwen te voye manman nou tounen lakay li.


Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.


Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.


— Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l tankou yon nasyon ankò.


Nan kondisyon sa a, ki jan pou m ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.


Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.


Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.


Lavil Samari menm pat fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.


Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo.


Se poutèt sa mwen lage l nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa!


Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.


Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l''a voye l tounen lakay papa l.


sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l, epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l tounen lakay papa l ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri,


跟着我们:

广告


广告