Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:7 - 1998 Haïtienne

7 Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men li pa tounen. Jida, sè li a ki pa te kenbe pawòl li avè m', wè sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.

参见章节 复制




Jeremi 3:7
15 交叉引用  

Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pat fè tankou wa Izrayèl yo.


Ou menm Senyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?


— Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l tankou yon nasyon ankò.


Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.


Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.


Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.


Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.


Moun sòti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinay al mande dlo, men pat gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye.


跟着我们:

广告


广告