Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:6 - 1998 Haïtienne

6 Yon lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa: — Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.

参见章节 复制




Jeremi 3:6
24 交叉引用  

Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.


Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.


Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.


Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.


Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n'al kouche ak fanm, pou n'al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.


Lè Senyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.


Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.


pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo.


Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès.


Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.


Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m nèt. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Men, yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.


Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pat dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo.


Kounyeya, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Senyè a ap di:


Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.


Atout Oliba, sè l la, te wè sa, li lage kò l nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola.


Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.


Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.


Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y'al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbray! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.


Men, menm chèf sa yo, yo pat koute yo. Yo vire do bay Senyè a, y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Senyè a. Yo pat koute lòd Senyè a.


跟着我们:

广告


广告