Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:4 - 1998 Haïtienne

4 Kounyeya menm, n'ap vin di m: O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m depi lè nou te piti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?

参见章节 复制




Jeremi 3:4
16 交叉引用  

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.


(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.


Bondye, depi lè m te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk kounyeya m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.


Senyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m te jenn gason.


Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann.


Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.


— Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.


Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men depi yo nan traka, y'ap rele: — Senyè, leve non! Vin delivre nou!


Senyè a te di ankò: — Jan m ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m yo pral rele m papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.


Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.


Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo retounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite jouk yo rive bò sous dlo yo. Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl, Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.


M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l lè li te jenn lan, lè l te chape anba men moun peyi Lejip yo.


Senyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou kounyeya, nou menm prèt yo ki pa respekte l. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l respekte papa l. Yon domestik fèt pou l gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouray pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?


Epi n'ap mande poukisa? Se paske Senyè a wè sa ou fè fi ou marye ak li depi ou jenn lan. Ou te pase kontra avè li, ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe li pou madanm ou pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告