Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:3 - 1998 Haïtienne

3 Se poutèt sa pat gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.

参见章节 复制




Jeremi 3:3
28 交叉引用  

Nan denmen maten, pi gran an di pi piti a: — Yèswa mwen te kouche ak papa mwen. Aswè a se tou pa ou. N'ap fè li bwè jouk li sou. Epi ou v' al kouche ak li pou nou de a ka fè pitit pou papa nou.


Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pat janm sispann renmen yo. Ou pat lage yo.


Mechan toujou pran pòz radi l. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.


M'ap fè l tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.


Senyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l:


Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli. Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.


Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.


Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.


— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a.


Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.


Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.


Senyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!


Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.


Mwen mande ki moun ki gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Senyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pèsonn ladan l ankò.


Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.


Pouvwa nou genyen an epi k'ap fè nou gonfle konsa a, m'ap kraze l nèt. Pa yon ti degout lapli p'ap tonbe sot nan syèl la, tè a ap vin di kou wòch.


Lè jaden nou ta pral pote rekòt, mwen pat kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.


Moun sòti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinay al mande dlo, men pat gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile byen,


Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.


Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.


Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.


Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告