Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:21 - 1998 Haïtienne

21 Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Senyè a, Bondye yo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.

参见章节 复制




Jeremi 3:21
24 交叉引用  

L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: — Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m peye pou sa m te fè a.


Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.


Se sotiz yon nonm ki fini avè l. Apre sa, li konprann pou l fache sou Bondye.


Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.


Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pat chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.


Senyè a di: kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa dòmi reve mwen. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?


Moun sòti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Senyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pèsonn pa ka viv ak kè poze.


Senyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m, nou te al mete konfyans nou nan fo bondye.


Men, pèp mwen an bliye m. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.


Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m, m pa ka konte depi kilè.


Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pat aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondit nou ansanm ak mechanste nou yo.


Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo retounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite jouk yo rive bò sous dlo yo. Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl, Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.


Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.


Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: — Paske ou te bliye m, ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondit ak dezòd ou te fè yo.


Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.


Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m.


Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.


Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle.


Zanj lan di l konsa: — Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pat dwe al fè vwayaj sa a.


Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou.


跟着我们:

广告


广告