Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:16 - 1998 Haïtienne

16 Apre sa, lè m'a fè n peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Senyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.

参见章节 复制




Jeremi 3:16
24 交叉引用  

Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Senyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.


Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.


Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.


Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fòtèy Senyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Senyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.


Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.


Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.


Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Anyen p'ap rive nou la.


Li pa t'ankò boule, yo te tou pa ka fè anyen avè li. Koulyeya, dife fin boule li, se pi rèd ankò.


M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.


Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè.


Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an.


Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.


Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.


跟着我们:

广告


广告