Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:13 - 1998 Haïtienne

13 Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pat kenbe pawòl nou avè m, Senyè a, Bondye nou an! Nou te al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pat koute m lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 3:13
22 交叉引用  

Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.


Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.


N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.


Men sa Senyè a di pèp la: — Wi, yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret anplas. M'pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.


Senyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.


Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.


Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M paka fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk mal dèyè yo.


Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pat aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondit nou ansanm ak mechanste nou yo.


Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Senyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l mande nou fè.


Yon lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa: — Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.


Men, yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.


Men, pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.


Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.


M'ap vire do m tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m.


Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.


跟着我们:

广告


广告