Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:12 - 1998 Haïtienne

12 Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.

参见章节 复制




Jeremi 3:12
45 交叉引用  

Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li.


Se sou reny Peka, Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl-bèt-Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.


Bout pou bout, Senyè a wete yo nèt devan je l, jan li te voye sèvitè l yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.


Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.


Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.


Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m pase yon kontra ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.


Si nou tounen vin jwenn Senyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, la kite yo tounen nan peyi yo. Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, la louvri bra l ban nou.


Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,


Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.


Li p'ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.


Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!


Senyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?


Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!


Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.


Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.


Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Kounyeya, tounen vin jwenn mwen!


Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.


Apre sa, Senyè a di m ankò: — Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l.


Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo.


Lè sa a y'a di: Se nan non Senyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.


Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.


Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a sòti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.


Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Senyè a ki Bondye nou!


Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.


Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men li pa tounen. Jida, sè li a ki pa te kenbe pawòl li avè m', wè sa.


M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.


Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Mete mak sou tout wout la, plante jalon sou tout chemen an. Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a. Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo, tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.


Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.


Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki sòti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.


Men sa Senyè a di ankò: — Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m, si nou sispann lage kò nou nan raje,


Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo sòti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.


Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?


Apre sa, Senyè sèl Mèt la di ankò: — Kounyeya, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.


Pèp la di: — Annou wè non! Ann tounen al jwenn Senyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou maleng nou yo.


Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m.


Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.


si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,


跟着我们:

广告


广告