Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:11 - 1998 Haïtienne

11 Apre sa, Senyè a di konsa: — Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.

参见章节 复制




Jeremi 3:11
9 交叉引用  

Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.


Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Senyè a ki Bondye nou!


Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men li pa tounen. Jida, sè li a ki pa te kenbe pawòl li avè m', wè sa.


Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, pat pè. Li menm tou, l'al lage kò l nan jennès.


Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.


Atout Oliba, sè l la, te wè sa, li lage kò l nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola.


Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.


Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Senyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?


跟着我们:

广告


广告