Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:10 - 1998 Haïtienne

10 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 3:10
13 交叉引用  

Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl yo nan obligasyon pou yo sèvi Senyè Bondye yo a. Se konsa, pandan tout tan Jozyas vivan, tout pèp la te kenbe pye Bondye zansèt yo a fèm.


(45) Moun lòt peyi yo ap flate m. Kou yo tande vwa m, yo obeyi:


Di Bondye: Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.


Mwen te voye l kouri al atake yon nasyon ki derespekte m. Mwen te ba li manda pou l regle yon pèp ki te fè m fache anpil, pou l pase men pran tou sa yo genyen, pou l piye yo, pou l pilonnen yo anba pye l tankou pousyè nan lari.


Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.


Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Kounyeya, tounen vin jwenn mwen!


Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.


Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou.


Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!


Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m.


Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye.


跟着我们:

广告


广告