Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 3:1 - 1998 Haïtienne

1 Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 3:1
34 交叉引用  

Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.


Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.


Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.


Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agòch.


Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans.


Nou menn moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Mowab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo.


Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Senyè a ki Bondye nou!


Li pat wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondit li. L'al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.


Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.


Men sa Senyè a di ankò: — Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m, si nou sispann lage kò nou nan raje,


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l san rete. Nan tout moun ki te renmen l yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l. Tout zanmi l yo trayi l, yo tout fè l lènmi kounyeya.


W'al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki grannèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m fache.


Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pat move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.


Kounyeya, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Senyè a ap di:


Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?


Premye fwa Senyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di li konsa: — Leve non! Ale pran yon fanm jennès marye avè li. Timoun w'ap fè ak li yo ap gen menm san jennès la. Paske tout peyi a nèt vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.


Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari li nonplis. Pale ak li pou li manyè kite fè jennès, pou li wete nan kòsay li bann zidòl li renmen anpil yo.


Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.


Men kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, men sa m voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.


— Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l yon papye divòs.


y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l deyò devan lakay papa l, epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l nan dezòd antan li te lakay papa l. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.


Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l, li tounen lakay papa l, lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.


跟着我们:

广告


广告