Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 27:8 - 1998 Haïtienne

8 Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nebikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l, m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l jouk m'a fè Nebikadneza fini nèt ak li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.

参见章节 复制




Jeremi 27:8
15 交叉引用  

Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.


mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.


Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l, m'a kite l nan peyi l, l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Senyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.


Paske men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nebidadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l.


M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.


Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.


M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.


Gedalya di yo konsa: — Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.


Men sa Senyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovay ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.


跟着我们:

广告


广告