Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 27:3 - 1998 Haïtienne

3 Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Mowab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.

参见章节 复制




Jeremi 27:3
12 交叉引用  

Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l ta tounen vin jwenn Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.


Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m elve, ni pitit fi pou m bay levasyon.


Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l menm bagay la tou: — Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv.


W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo:


Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne reny Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m nan Tanp Senyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:


— Ras Adan! Nebikadneza, wa Babilòn nan, fè lame li a fè yon gwo jefò pou y'al atake lavil Tir. Li fè sòlda travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo. Tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame li a pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.


Senyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.


跟着我们:

广告


广告