Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:8 - 1998 Haïtienne

8 Fini Jeremi fin bay mesay Senyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: — Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!

参见章节 复制




Jeremi 26:8
22 交叉引用  

Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò.


Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Lè sa a, pèp la va di: — Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesay Bondye yo. Annou wè! Ann touye l anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.


Men ou menm, Senyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè devan je ou. Lè ou ankòlè, regle ak yo.


Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.


Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l repwòch dèske li te bay mesay sa a nan non Bondye Senyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l.


Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Senyè a, Bondye yo a, te voye l di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a,


Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: — Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li sòti pou l fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.


Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.


Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi.


Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo.


Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.


Yo pini Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.


跟着我们:

广告


广告