Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:5 - 1998 Haïtienne

5 Louvri zòrèy nou tande mesay pwofèt yo, sèvitè m yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute—

参见章节 复制




Jeremi 26:5
20 交叉引用  

Senyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m yo, moutre nou an.


Bout pou bout, Senyè a wete yo nèt devan je l, jan li te voye sèvitè l yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.


Lè sa a, Senyè a voye ansasen sòti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Mowab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l dapre sa Senyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l yo.


Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral pini Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m yo.


ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l.


Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m te di yo!


Tou sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute.


Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann.


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.


Mwen pat janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m.


Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.


Depi jou zansèt nou yo te sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.


Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m yo, pou m te fè yo konnen mwen gen pou m te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.


Konsa tou, ou mèt sèten, Senyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l yo, konnen.


Men, sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la.


Men lè setyèm zanj lan va pran kònen klewon l lan, Bondye pral fè sa li gen pou l fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l te fè pwofèt ki t'ap sèvi l yo konn sa.


Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!


跟着我们:

广告


广告