Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:4 - 1998 Haïtienne

4 Konsa, w'a di yo: Men mesay Senyè a bay: Koute m, swiv lòd mwen mete devan nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,

参见章节 复制




Jeremi 26:4
22 交叉引用  

Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n'al sèvi lòt bondye, si n'al adore lòt bondye,


Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.


Tansèlman, si nou pa koute m, si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pèsonn p'ap ka touye dife sa a.


Men, si nou pa koute m', mwen sèmante, palè sa a gen pou li kraze. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Yo rive nan peyi a, yo pran l pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.


Jouk jòdi a nou yonn pa regrèt sa nou te fè. Pèsonn pa gen krentif pou mwen, pèsonn pa sòti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.


Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Senyè a, se paske nou pat koute sa li t'ap di nou, se paske nou pat mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.


Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.


N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.


Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a.


Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.


Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.


Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.


跟着我们:

广告


广告