Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:3 - 1998 Haïtienne

3 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’”

参见章节 复制




Jeremi 26:3
15 交叉引用  

Lè Eli fin pale konsa, Akab tèlman boulvèse, li chire rad sou li. Li mete rad lapenn li epi li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad tristès la sou li. Li t'ap mache tou kagou.


— Ou wè jan Akab vin dou nan pye m! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m voye malè a sou fanmi li. Se va pandan reny pitit gason l lan m'a voye malè sou fanmi l.


Kounyeya, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.


Lè sa a, eske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Senyè a, yo mande l pou l gen pitye pou yo. Se konsa Senyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Kounyeya, nou sòti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.


Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.


Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Senyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.


Kounyeya, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.


Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.


Mwen p'ap fè sa m te di mwen t'ap fè lè m te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m vin detwi nou.


Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen danre ak diven ankò pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an!


Li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.


跟着我们:

广告


广告