Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:2 - 1998 Haïtienne

2 Men sa Senyè a di l: — Ale kanpe nan lakou Tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki sòti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Senyè a. Pa wete anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!

参见章节 复制




Jeremi 26:2
32 交叉引用  

Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.


Men, Senyè a di mwen: — Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kote tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.


Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Senyè a te voye l al bay mesay li a, l'al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:


Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesay mwen, li fèt pou l bay mesay la jan l ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Senyè a menm ki di sa.


Men mesay pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo:


Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Senyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.


Lè sa a, Bawouk pran liv mesay Jeremi yo, li li l nan Tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè Tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Senyè a.


Jeremi reponn yo: — Dakò. Mwen pral lapriyè Senyè a, Bondye nou an, jan nou mande m lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Senyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen.


— Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n'al fè sèvis pou Senyè a, koute sa Senyè a voye di nou.


Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn.


Bondye di ankò: — Ras Adan! Louvri zòrèy ou. Tande sa m'a pral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.


Kounyeya, nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesay m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.


Nonm lan di m konsa: — Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.


Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.


Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li.


Jezi reponn li: — Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.


Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.


Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou.


Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen.


Men, yon moun vin rive, li di yo: — Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la.


Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.


Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.


Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Senyè a, Bondye nou an.


Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.


Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.


Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.


跟着我们:

广告


广告