Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:11 - 1998 Haïtienne

11 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: — Nonm sa a merite pou yo touye l paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l ak pwòp zòrèy nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi prèt yo ak pwofèt yo te pale ak ofisye yo ak tout pèp la e te di: “Nonm sa a merite mouri! Li te pwofetize kont vil sila a, jan nou te koute ak pwòp tande nou an.”

参见章节 复制




Jeremi 26:11
13 交叉引用  

Men ou menm, Senyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè devan je ou. Lè ou ankòlè, regle ak yo.


Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: — Pa gen anyen la a pou n touye nonm sa a. Paske se nan non Senyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.


Chèf yo al di wa a: — Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouray. Nonm sa a pa sòti pou l ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.


Kisa nou di nan sa? Yo reponn: — Li antò, se pou yo touye li.


Yo reponn li: — Si nonm sa a pat yon malfektè, nou pa ta mennen l ba ou.


Jwif yo reponn li: — Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.


Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: — Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò!


Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l pale nan non mwen pou l di sa mwen pa di l di, oswa pou l ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l pou sa l fè a.


Mesye yo al di Joas konsa: — Fè pitit gason ou lan sòti vin jwenn nou isit la. Se pou n touye l! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l la.


跟着我们:

广告


广告