Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 26:10 - 1998 Haïtienne

10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan Tanp lan, y'al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 26:10
15 交叉引用  

Tansèlman, li pat kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Senyè a.


Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Senyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.


Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Senyè a.


Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.


Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pat kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l.


Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre.


Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou.


Lè sa a, Bawouk pran liv mesay Jeremi yo, li li l nan Tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè Tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Senyè a.


Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pat boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo.


Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.


Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.


跟着我们:

广告


广告