Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 24:5 - 1998 Haïtienne

5 — Se mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo.

参见章节 复制




Jeremi 24:5
21 交叉引用  

Anvan ou te pini m lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men kounyeya, m'ap fè tou sa ou di m fè.


Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m konnen sa ou vle m fè.


Lè sa a, Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:


Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.


Men, nou menm Senyè a te pran lavil Jerizalèm pou l depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Senyè a ap di nou!


— Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo sòti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.


Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m lè m'a pale yo. Se pèp pa m lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo.


Men, menm lè sa a, antan yo la toujou nan peyi lènmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m ta fini ak yo nèt. Mwen p'ap kase kontra m pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Senyè a, Bondye yo a.


Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.


Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m, m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m yo ye. Y'a di se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo.


Men mesye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m pa konnen nou.


Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.


Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.


Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.


Men, kounyeya nou rive konn Bondye, ou pito kounyeya Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò?


Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje lamàn, yon kalite manje zansèt nou yo pat janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan.


Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.


Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen pini. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.


跟着我们:

广告


广告