Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 24:3 - 1998 Haïtienne

3 Lèfini, Senyè a di m konsa: — Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l: — Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”

参见章节 复制




Jeremi 24:3
10 交叉引用  

Lè sa a, Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:


Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.


Lè sa a, Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: — Yon filaplon. Lè sa a, li di m: — M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò.


Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: — Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Senyè a di m konsa: — Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l yo. Mwen p'ap chanje lide pou m fè pa l ankò.


Li di m konsa: — Sa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.


Zanj ki t'ap pale avè m lan di m: — Kisa ou wè? Mwen reponn li: — Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.


Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo.


跟着我们:

广告


广告