Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 24:2 - 1998 Haïtienne

2 Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.

参见章节 复制




Jeremi 24:2
11 交叉引用  

Kisa pou m te fè pou jaden rezen an mwen pat fè? Mwen t'ap tann li ban m bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?


Pèp Izrayèl la se li menm ki jaden rezen Senyè a, Bondye tout pouvwa a. Moun Jida yo se yo menm ki bon plan li te plante a. Bondye t'ap atann pou yo mache dwat: men yo lage kò yo nan fè san koule. Li t'ap atann pou yo fè lajistis, men nan tout peyi a se rèl malere ou tande.


Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.


Senyè a di: Lè m te fenk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m te fenk wè zansèt nou yo, se te tankou si m te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.


Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.


Fò ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l, epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo.


Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Senyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Senyè a va gendwa manje ladan yo.


— Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.


跟着我们:

广告


广告