Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 24:1 - 1998 Haïtienne

1 Senyè a fè m wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Senyè a. Lè sa a, Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gentan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.

参见章节 复制




Jeremi 24:1
22 交叉引用  

Se sou reny li lame Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.


Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.


Men mesay Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:


Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pèsonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.


Se bagay sa yo Nebikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo.


M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.


Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nebikadneza te depòte sòti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte.


Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo.


Nebikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim.


Li pran l, li pote l ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la. Li mete l nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la.


Yo mete yon gwo bouk fè nan nen li. Yo fèmen li nan pak. Yo mennen li bay wa Babilòn. Yo mete sòlda veye li pou moun pa janm tande vwa li ankò nan mòn peyi Izrayèl yo.


Konsa tou, ou mèt sèten, Senyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l yo, konnen.


Se konsa Senyè a, Bondye a, fè m fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Senyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chouk plant yo te fenk ap boujonnen ankò.


Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a t'ap voye yon dife pou l devore pèp la pou pini l. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.


Se konsa, Senyè a fè m fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a te kanpe bò yon miray yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l.


Apre sa, Senyè a fè m wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.


Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l.


跟着我们:

广告


广告