Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 23:4 - 1998 Haïtienne

4 M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 23:4
25 交叉引用  

Jou sa a, Senyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letyopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.


Nou pa bezwen pè, nou mim pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.


Senyè a di ankò: — Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Senyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l.


Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki sòti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.


Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.


Tout moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pèsonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki sòti nan bouch Senyè a!


Senyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.


Senyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l yo. Kounyeya, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y'al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l nan tan lontan an!


Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.


Epi yo di l: — Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la.


Pandan m te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pat pèdi, esèpte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.


Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.


Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.


跟着我们:

广告


广告