Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 23:3 - 1998 Haïtienne

3 M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.

参见章节 复制




Jeremi 23:3
28 交叉引用  

Delivre nou non, Senyè, Bondye nou. Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.


Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Senyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.


Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Nou pa bezwen pè, nou mim pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.


Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.


Senyè a di ankò: — Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la! Pi gwo nasyon pase l nanpwen. Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye. Senyè a delivre pèp li a. Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la.


Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.


Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.


Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.


Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad.


Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a regrèt yo pat mouri pito. Se Senyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo sòti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.


Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou sòti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.


Senyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.


M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.


Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.


Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen sòti toupatou vin jwenn nou. Y'a sòti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a sòti Lejip nan sid, y'a sòti lòt bò larivyè Lefrat, y'a sòti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.


跟着我们:

广告


广告