Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 23:2 - 1998 Haïtienne

2 Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 23:2
21 交叉引用  

Kounyeya, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.


Mwen reponn: — Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pat kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad.


Enben, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: M pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou.


Si nou pa koute l, mwen pral kache kò m yon kote pou m kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Senyè a prizonye, yo pral depòte yo.


Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann sòti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?


Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.


Mwen menm Senyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.


Nou menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.


Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Senyè a bay pote a, m'ap pini l ansanm ak tout fanmi li.


Non. Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa


Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.


Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo.


Mwen pral pini li pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete bèl zanno ak bèl kolye pou plede mache dèyè bann nonm li yo. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l te voye yo avèti l la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l di ni sa pou l fè.


Senyè a di ankò: — Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouray pou yo sèvi m tankou chwal frengan pou fè lagè.


Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.


Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'.


Mwen te etranje, nou pa te resevwa m'. Mwen te touni, nou pa te ban m' anyen mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa te vizite m'.


Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.


跟着我们:

广告


广告