Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 22:9 - 1998 Haïtienne

9 Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa te kenbe kontra Senyè Bondye yo a te pase ak yo, y'ale adore lòt bondye, yo fè sèvis pou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”

参见章节 复制




Jeremi 22:9
16 交叉引用  

Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. Y'a mande poukisa Senyè a fè peyi a ak Tanp lan sa.


Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m fè kòlè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m poko ap pase.


Moun Jerizalèm vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou Jerizalèm. Kòlè mwen poko ap pase.


Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.


W'a di yo men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a.


Lè sa a, w'a reponn yo: — Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.


Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Senyè a ki te ka rann yo jistis, kont Senyè a ki te tout espwa zansèt yo.


Senyè a reponn mwen: — Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m. Yo pa fè sa m te di yo fè.


Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Wi, lè n'a wè jan moun sa yo ap viv ak sa y'ap fè, n'a konnen mwen gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m'fè li a. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.


Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pat kenbe pawòl yo te gen avè m lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.


Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a sòti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Senyè a fè moun sa yo sa? Poukisa tout kòlè sa a sou peyi a?


跟着我们:

广告


广告