Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 22:8 - 1998 Haïtienne

8 Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Senyè a fè gwo lavil sa a sa?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’

参见章节 复制




Jeremi 22:8
13 交叉引用  

Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Senyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Senyè a, Bondye nou an, plezi?


Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l konsa: — Senyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a.


Kounyeya sa li te di li t'ap fè a, li fè l. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Senyè a, yo pat vle koute l.


Pèsonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pat vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!


Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Wi, lè n'a wè jan moun sa yo ap viv ak sa y'ap fè, n'a konnen mwen gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m'fè li a. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.


Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pat kenbe pawòl yo te gen avè m lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.


Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a sòti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Ou menm, Senyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pat kenbe pawòl nou avè ou.


跟着我们:

广告


广告