Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 22:5 - 1998 Haïtienne

5 Men, si nou pa koute m', mwen sèmante, palè sa a gen pou li kraze. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”

参见章节 复制




Jeremi 22:5
22 交叉引用  

— Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pat refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.


Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n'al sèvi lòt bondye, si n'al adore lòt bondye,


Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Senyè a fè peyi a ak Tanp lan sa.


Y'a reponn se paske yo vire do bay Senyè Bondye zansèt yo a ki te fè yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Senyè a te voye gwo malè sa a sou yo.


Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.


Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.


Senyè a di ankò: — Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.


Tansèlman, si nou pa koute m, si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pèsonn p'ap ka touye dife sa a.


Konsa, w'a di yo: Men mesay Senyè a bay: Koute m, swiv lòd mwen mete devan nou.


Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm.


Men kounyeya, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Senyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pèsonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Senyè a, Bondye vivan an!


Senyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l.


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.


Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.


Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.


Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sa k fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.


跟着我们:

广告


广告