pou ba li mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fòtèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre sòti nan pòtay lavil la, koute sa Senyè a di nou:
Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: — Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Senyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l.
Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije kounyeya. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. Nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.