Jeremi 21:5 - 1998 Haïtienne5 Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouray mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Mwen menm, Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon. 参见章节 |
Se poutèt sa, Senyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouray li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Senyè a, Bondye nou an, te fè l pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?