Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 20:9 - 1998 Haïtienne

9 Men, lè m di: Mwen p'ap nonmen non Senyè a, mwen p'ap pale nan non l ankò, mesay ou yo te tankou yon dife nan zo m k'ap boule tout anndan m. Mwen fè sa m kapab pou enpoze l sòti. Malgre sa, li sòti sòti l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.

参见章节 复制




Jeremi 20:9
21 交叉引用  

(4) Kè m te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m. Mwen pat kapab ankò. Mwen mande:


Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap fann wòch fè miyèt moso. Se mwen menm menm Senyè a ki di sa.


Mesay sou pwofèt yo: — Kè m ap fann! M'ap tranble nan tout kò m. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Senyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.


Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m ap fè m mal! Kè mwen ap bat byen fò. M pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.


Kòlè Senyè a ap bouyi nan kè m tou, m pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Senyè a di m: — Al pase kòlè m sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.


Lespri a te leve m anlè, li pote m ale. Pouvwa Senyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m te sere.


Li di m ankò. — Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l, li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl.


Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Senyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesay la?


li di l konsa: — Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.


Men lè sa a, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Senyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare vwayaje Tasis. Li peye. Li anbake abò ak maren yo. Li jete kò li Tasis paske li t'ap kouri pou Senyè a.


Jezi reponn li: — Moun ki gentan mete men nan travay epi k'ap vire gade dèyè, moun sa a pa gen plas li kote Bondye wa a.


Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l anpil lè l wè ki jan lavil la te plen zidòl.


Men, lè Silas ak Timote rive sòti Masedouàn, Pòl te bay tout tan l pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.


Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.


跟着我们:

广告


广告