Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 20:3 - 1998 Haïtienne

3 Nan denmen maten, Pachou fè wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di li konsa: — Senyè a chanje non ou. Ou pa rele Pachou ankò. Li menm li rele ou Latèrè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib.

参见章节 复制




Jeremi 20:3
18 交叉引用  

Apre sa, Bondye di Abraram: — Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l Sara.


Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.


Nonm lan di l: — Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.


(14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m mal. Kote m pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m, y'ap fè konplo pou yo touye m.


Apre sa, mal kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Senyè a di m konsa: — W'a rele l: Prese piye, prese devalize.


W'a sòti lavil la, w'a pase nan Pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesay m'a ba ou a.


Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l Fon Masak la.


Mwen tande tout moun ap blame mwen. Mwen soti pè jan y'ap pale!! Y'ap di: Bon! Annou denonse li bay otorite yo! Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa pou mwen fè yon fopa. Y'ap di: nou ka pran pawòl nan bouch li pou nou antrave li. Lè sa a, n'a met men sou, n'a tire revanj nou.


Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.


Senyè a ap mande: — Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.


Piga pèsonn sòti al nan jaden. Piga pèsonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.


Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo.


Ou fè moun k'ap simen latèrè soti toupatou. Yo vin danse, yo vin fete sou do mwen. Lè Senyè a ankòlè, li pa egzante pesonn. Tout moun gen pou pase. Lènmi yo touye ata timoun mwen renmen yo, timoun mwen leve yo.


Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesay ki pa laverite. P'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye sèl Mèt la.


Apre sa, li fè yo sòti, li mande yo: — Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre?


跟着我们:

广告


广告