Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 20:2 - 1998 Haïtienne

2 Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Senyè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 20:2
30 交叉引用  

Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje dwèt sou pwofèt la sou lotèl la epi li di: — Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd. Li pa te ka fè mouvman avè li ankò.


Di yo mwen bay lòd pou yo mete l nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen sòti nan lagè a san danje ni malè.


Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.


Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flank li yon souflèt. Epi li di l: — Depi kilè lespri Bondye a kite m pou se nan bouch ou l'ap pale a?


Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l ak kout wòch nan gran lakou Tanp Senyè a.


Ou mete pye m nan sèp. Ou veye tout vire tounen m. Ou gade tout kote m'ap mete pye m.


Li mete de pye m nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.


Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan Tanp lan, y'al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.


Fini Jeremi fin bay mesay Senyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: — Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!


— Senyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan Tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.


Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l la. Men Senyè a pa kite yo jwenn yo.


Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l konsa: — Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!


Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.


Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.


Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch.


Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche.


Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.


Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.


Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.


Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m wè l, mwen te sezi anpil.


Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.


跟着我们:

广告


广告