Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:9 - 1998 Haïtienne

9 Se konsa, mwen menm Senyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.

参见章节 复制




Jeremi 2:9
12 交叉引用  

Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l temwen. Li pral jije pèp li a.


Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.


Senyè a kanpe pou l denonse sa yo fè a. Li pare pou l jije pèp li a.


Ede m chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.


Poukisa n'ap plede avè m konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!


w'ap plede di ou pa antò. Senyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Senyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pat dwe fè.


Depi nan vant manman l, Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezayi, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.


Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari li nonplis. Pale ak li pou li manyè kite fè jennès, pou li wete nan kòsay li bann zidòl li renmen anpil yo.


Senyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Senyè a ap di: — Nan peyi a, bonjou nou pa laverite. Pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.


se mwen menm ki p'ap okipe l ankò, li menm ak tout fanmi l. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l pou y'al sèvi Molòk.


Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Senyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l plede ak li!


跟着我们:

广告


广告