Jeremi 2:8 - 1998 Haïtienne8 Prèt yo pa janm mande kote Senyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò. Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis. 参见章节 |
Senyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: — Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Lè sa a, pèp la va di: — Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesay Bondye yo. Annou wè! Ann touye l anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.