Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:7 - 1998 Haïtienne

7 Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.

参见章节 复制




Jeremi 2:7
28 交叉引用  

Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.


Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesay pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!


Senyè a va beni yo, la di konsa: — Benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m pa m lan.


Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.


Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pat aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondit nou ansanm ak mechanste nou yo.


Li pat wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondit li. L'al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.


Yo rive nan peyi a, yo pran l pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.


Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pat mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pat respekte jou repo m yo tèlman yo pat vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.


Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.


Lè sa a, mwen te fè sèman m t'ap fè yo sòti kite Lejip la, m t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.


Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: — Paske ou te bliye m, ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondit ak dezòd ou te fè yo.


— Ras Adan! Lè moun Izrayèl yo rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan pou mete peyi a nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa te ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen, yo te menm jan ak yon fi ki gen lalin ni.


Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Senyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gendwa manje.


Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.


Yo di Moyiz konsa: — Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l.


pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè okenn vye bagay ki pou fè Senyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Senyè a pral ban nou pou nou rete a.


Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l la menm.


N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo,


跟着我们:

广告


广告