Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:6 - 1998 Haïtienne

6 Yo pa chonje reve mande kote Senyè a, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’

参见章节 复制




Jeremi 2:6
26 交叉引用  

Li frape dlo a ak rad ki te sòti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: — Kote Senyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.


Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nyaj kouvri l nèt. Se pou lonbray lanmò bouche l nèt.


Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouray.


Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.


(6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.


— Se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.


nan tout tèt chaje yo. Se pat yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se li menm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l sitèlman fè l mal pou yo, se li menm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.


Pèsonn pa lapriyè ou ankò! Pèsonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.


Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.


— Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.


Prèt yo pa janm mande kote Senyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò. Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.


Wi, yo nye Senyè a. Y'ap plede di: Senyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!


Yo te mèt pran non m pou fè sèman, se pou twonpe moun.


Tout ti bouk li yo tounen dezè tou, pa gen yon tak dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn la ankò. Pesonn pa pase nonplis la ankò.


Senyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.


Senyè a di ankò: Se mwen menm ki Senyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè ou sòti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou.


Mwen fè nou sòti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.


pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a.


Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Senyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n'al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.


Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l, li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.


Chonje tout chemen Senyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo.


Jedeyon reponn li: — Adye, mesye! Si Senyè a avè nou vre, manyè di m poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Senyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip? Men kounyeya, Senyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.


跟着我们:

广告


广告